Chaplet en Créole Haitien

La bibliothèque libre.



Ajouter un fac-similé pour vérification, — comment faire ?
Ajouter un fac-similé pour vérification, — comment faire ?

Sign la Kwa * Signe de la Croix[modifier]

O non Papa a, ak Pitit la, ak Lespri Sen An. Amèn.

Kredo senbòl Apot yo Mwen kwè nan Bondye, Papa a ki gen tout Pouvwa. Li kreye syèl la ak tè a. Mwen kwè nan Jezu Kri, sèl pitit Bondye a. Li se Granmèt nou an. Se pa pouvwa Lespri Sen an kò li vin fèt nan vant Mari ki vyèj e li tounen yon moun. Li soufri sou reny Pons Pilat, yo kloure l sou kwa a, Li soufri e yo antere li. Li desann kote mò yo te ye a. Sou twazyèm jou li leve byen vivan sot nan pami mò yo. Li monte nan syèl la e li chita adwat Papa a ki gen tout Pouvwa. Li gen pou l retounen pou jije ni moun k ap viv, ni moun ki mouri. Mwen kwè nan Lespri Sen an. Mwen kwè Legliz la Sen e li la pou tout moun. Mwen Kwè tout byen zanmi Bondye yo fè sèvi lòt yo. Mwen kwè peche yo jwenn padon. Mwen kwè kò moun ki mouri yo va leve byen vivan. Mwen kwè nan lavi ki pap janm fini an. Amèn.

Papa nou * Notre Père[modifier]

Papa nou ki nan syèl la,
Se pou yo rèspekte non ou;
Se pou yo rekonèt se ou ki Rwa;
Se pou volonte ou fèt sou tè a tankou nan syèl la.
Pen nou bezwen chak jou a, ba nou li jodiya,
Padonen sa nou fè ou tankou nou padone moun ki fè nou kichoy.
Pa kite nou pran nan pyèj, men delivre nou ak sa ki mal. Amèn.

Mari se pou kontan * Je Vous Salue[modifier]

Mari se pou kontan.
Ou menm ki plen favè,
Granmèt la avèk ou.
Li beni ou pase tout fi,
E li beni Jezi, pitit ou fè a.
Mari, ou sen,
Ou se Manman Bondye, nou se pechè.
Lapriyè pou nou jodiya
Ak lè nou prèt pou nou mouri. Amèn.

Viv Papa a * Gloria[modifier]

Viv Papa a, ak Pitit la, ak Lespri Sen an.
Kòm o kòmansman, ni jodi a, ni toulejou epi tout tan gen tan. Amèn.

O Jezu * O, Mon Jesus[modifier]

O Jezu, padone peche nou,
sove n anba dife lanfè,
Minnin tout noun nan syèl,
sitou sa ki pi bezwen kè sansib ou a.

Lòt Priyè * Autres Prières[modifier]

Sonje Manman * Souvenez-Vous[modifier]

Sonje Manman yo pa janm di ke ou abandone
moun ki vinn chache proteksyon, sekou, oubyen padon nan men ou.
Se ak konfyans sa a mwen prese vinn jwenn ou.
Pendan m’ap ploye anba kantite peche mwenn menm -vini nan pye ou.
Tanpri, Manman Pawol Bondye ki vinn moun nan,
Pa meprize priye mwen, men tande-l avek bonte e pi reponn mwenn. Amèn.

Salu, Rèn * Salve Regina[modifier]

Salu, Rèn, Manman kè sansib, lavi nou, plezi nou, espwa nou, salu.
Kote ou n'ap rele, nou menm pitit Èv yo ki egzile yo.
Kote ou n'ap plenn, n'ap plenyen, n'ap kriye nan bafon la penn sa a.
Ebyen avoka nou, vire je kè sansib ou kote nou.
Apre egzil sa a montre nou Jezi, fwi vant ou a ki beni an.
Ou menm ki sen, ou menm ki bon, Mari ki Vyèj. Amèn.

Sonje Sacre Kè * Souvenez-Vous O Sacré-Cœur de Jésus[modifier]

Sonje Sacre Ke Jezi tou sa ou fe pou sove nanm nou e pa kite nou peri.
Sonje ou renmen nou depi lontan avek yon lanmou ki pap janm fini.
Pa repouse nanm sa yo ki vinn jwenn ou pandan n’ap defayi anba pwoblèm nou,
Pandan lapèn ap fini avek nou.
Pran pitye feblès nou, gen la pèn pou jan gen danje bò kote nou.
Gen kè sansib pou jan la vi a ap fe nou jemi.
Se avek anpil konfyans, avek renmen nou vin touche kè ou Jezi.
Jan ou bon, montre ou gen pitye pou nou e ou renmen nou.
Plede kot Papa w pou nou.
pou non San ou ki te koule pou nou an e ki pa gen pri a,
O non tout sa ou te fe pou Bondye kontan avek ou,
Ba nou fòs san feblès nou,
Konsole nou nan la pèn nou.
Ba nou gras pou nou toujou renmen ou
E pou prezans ou toujou nou menm. Amèn.

Mistè Rosè Yo * Les Mystères du Rosaire[modifier]

Mistè Kè Kontan * Mystères Joyeux[modifier]

Lè Lendi ak Samdi [Lundi et Samedi]

  1. Anonsyasyon [Annonciation]
  2. Vizitasyon [Visitation]
  3. Nativite [Nativité]
  4. Prezentasyon Jezu nan tanp la [Présentation au Temple]
  5. Josèf ak Mari jwenn Jezu ke yo te panse pèdi [Recouvrement]

Mistè Limiè * Mystères Lumineux[modifier]

Lè Jedi [Jeudi]

  1. Batèm [Baptême de Jésus]
  2. Nòs Kana [de Cana]
  3. Premye predikasyon [Annonce du Royaume et appel à la conversion]
  4. Jezu transfigure devan premye disip li yo [Transfiguration]
  5. Premyè mès ak discip li yo [Institution de l'Eucharistie]

Mistè Doulè * Mystères Douloureux[modifier]

Lè Madi ak Vandredi [Mardi et Vendredi]

  1. Agoni nan jaden jetzemani [Agonie à Gethsémani]
  2. Flajelasyon [Flagellation]
  3. Yo mete yon kouròn epin sou tèt li [Couronnement d'épines]
  4. Yo fèsl pote kwa a [Portement de Croix]
  5. Jezi mouri sou kwa a [Mort de Jésus sur la Croix]

Mistè gwa Glwa * Mystères Glorieux[modifier]

Lè Mèkredi ak Dimanch [Mercredi et Dimanche]

  1. Jezi resisite [Résurrection]
  2. Jezi monte nan syel [Ascension]
  3. Lespri Sen desann sou apòt yo [Pentecôte]
  4. Mari monte nan glwa papa a [Assomption]
  5. Mari resevwa rekonpansans li nan nan Men Papa a ki fèl Rèn syèl la [Couronnement de Marie dans les cieux]